Ayitilink

Konsènan

Byenveni sou Ayitilink, premye platfòm entènèt ki dedye a konekte Ayisyen atravè mond lan ak pi bon opòtinite ki disponib an Ayiti. Nou se pi plis ke yon mache anliy; nou se yon pon ant aspirasyon achtè yo ak òf vandè yo, ki reyini nan yon espas dijital modèn, nan sekirite ak fasilite pou itilize.

Direksyon

Ayitilink repoze sou yon jesyon vizyonè ak angaje, gide pa valè transparans, inovasyon ak sèvis. Ekip jesyon nou an fòme ak pwofesyonèl ki gen eksperyans, ki pasyone pou devlopman ekonomik Ayiti e ki devwe pou bay kominote nou an pi bon sèvis posib.


Anba direksyon DevDataBank, nou bati yon antrepriz ki konbine ekspètiz lokal ak vizyon entènasyonal. Chak manm nan ekip direksyon nou an pote yon richès konesans nan domèn kle tankou teknoloji, komès, maketing, ak devlòpman dirab. Ansanm, nou travay ak yon objektif komen: fè nou referans pou tranzaksyon sou entènèt an Ayiti.


direksyon nou an asire ke tout desizyon nou yo konfòm ak misyon nou pou konekte ayisyen atravè mond lan ak opòtinite ki disponib an Ayiti, pandan y ap asire yon eksperyans itilizatè bon jan kalite. Nou kwè fèm ke "leadership" esansyèl pou enspire konfyans, ankouraje inovasyon, epi asire kwasans dirab nan biznis Elektronik an Ayiti.

Misyon nou

Misyon nou klè: senplifye tranzaksyon ou yo pandan n'ap ofri bon kalite sèvis, kèlkeswa kote w ye. Antanke yon entèmedyè de konfyans, nou pran angajman pou ba ou pwodwi ak sèvis de kalite nan kat domèn kle, ki se: Mobilye, byen imobilye, Boutik, ak otèl.

Imobilye (Kay, Tè, elatriye...)

Byen imobilye se nan kè òf nou an li chita. Kit ou vle achte, lwe oswa vann byen imobilye an Ayiti, nou ede ou twouve kliyan potansyèl nan dyaspora kou an Ayiti.

Mobilye(Machin, Moto, elatriye)

An Ayiti nou pa gen konpayi ki pwodwi moblye tankou machin,moto, elatriye. Donk nou konnen ki jan sa difisil pou twouve yon bon afè nan domèn sa, yon "deal" ki adapte bezwen ou ak bidjè ou. Platfòm nou an ofri ou yon pakèt machin, motosiklèt ak lòt mobil.

Boutik

Anplis de fasilite tranzaksyon ant patikilye, nou sèvi tou kòm yon entèmedyè pou boutik ki vle ofri atik yo sou entènèt. Platfòm nou an pèmèt biznis ayisyen yo prezante ak vann pwodwi yo bay yon kliyan mondyal, konsa ouvri nouvo pèspektiv pou biznis lokal yo. Mèsi a koòdone itilizatè nou an, boutik yo ka fasilman telechaje katalòg yo epi rive jwenn yon odyans pi laj. Pou achtè, sa vle di aksè a yon varyete de bon jan kalite atik, ki soti dirèkteman nan Ayiti, pandan y'ap jwi yon eksperyans san pwoblèm ak sekirite sou entènèt.

Otèl

Sektè otèl la tou se yon pati esansyèl nan òf nou an. Kit w'ap vwayaje pou biznis, an vakans, oswa w ap chèche yon kote pou òganize yon evènman, nou konekte w ak pi bon otèl ann Ayiti. Gras a platfòm nou an, ou ka rezève yon sejou ak tout kè poze, ak garanti pou jwenn etablisman ki satisfè kritè konfò ou ak kalite.

Angajman nou

Nan Ayitilink, nou kwè fèm nan enpòtans pou kreye relasyon dirab ak konfyans. Se poutèt sa nou angaje nan verifye chak òf ki pibliye sou platfòm nou an epi bay sipò kliyan ki reponn a ki atantif ak bezwen ou yo. Nou okouran defi inik ak opòtinite mache ayisyen an prezante, epi nou fè efò pou bay solisyon ki adapte ak tout itilizatè nou yo.

Yon platfòm pou tout Ayisyen

Kit ou ann Ayiti oswa aletranje, platfòm nou an fèt pou ou. Nou konprann atant dyaspora ayisyen an, ki vle rete konekte ak peyi orijin yo pandan y ap benefisye pi bon opòtinite yo. Avèk Ayitilink, ou ka patisipe aktivman nan mache ayisyen an, kit yo envesti, achte, oswa tou senpleman rete enfòme sou tandans aktyèl yo.

An nou kontribye ansanm nan ekonomi ayisyen an

Nou kwè nan yon avni pwospere pou Ayiti, e chak tranzaksyon ki fèt sou platfòm nou an kontribye nan devlopman ekonomik peyi a. Lè nou sipòte biznis lokal yo, kreye opòtinite travay ak fasilite aksè nan mache yo, nou jwe yon wòl aktif nan amelyore kondisyon lavi an Ayiti.

Kontak